SA W DWE KONNEN SOU SIT LA .
SIT LA
Platfòm fòmasyon sa a se yon zouti estratejik devlope pou sipòte devlopman profesyonèl tout anplwaye enstitisyon an gras ak sipò espètiz frans. Misyon li se mete ansanm tout resous aprantisaj yo, ofri kou ki ajou ak estanda entèn yo epi fasilite aksè rapide ak konesans ki nesesè nan lide pou amelyore chak jou pèfòmans chak anplwaye .
Sit la fèt pou pèmèt tout moun aprann nan yon anviwònman òganize, fleksib, epi byen estriktire. Li bay aksè ak modil fòmasyon, dokiman teknik, gid pratik, ak tout enfòmasyon ki esansyèl pou soutni bon jan pratik nan travay la.
Platfòm nan jwe yon wòl enpòtan nan modènizasyon pwosesis aprantisaj yo, nan ranfòsman kapasite anplwaye yo, ak nan asire enstitisyon an rete konpetitif, efikas, anliy ak objektif operasyonèl li yo.
Nou envite tout anplwaye sèvi ak platfòm sa a kòm yon opòtinite pou aprann, amelyore tèt yo, epi kontinye bati ekselans nan travay la.
METÒD APRANTISAJ
Kijan fòmasyon an bay?
Plonje nan mond fòmasyon nou yo epi fè platfòm nan vin yon lwazi.

Chwazi yon kou.
Ale nan youn nan kategori yo epi chwazi yon kou.
Gade videyo yo.
Ouvè videyo yo pou w ka swiv kou yo.
Reponn kesyonè yo.
Ou ap bezwen reponn kesyonè yo pou w ka pase chak etap kou yo pou jis ou fini e pase ak yon lòt.
jwenn yon sètifika.
Apre chak kou ou fini ou ap resevwa yon sètifika.
FONKSYONMAN SIT LA
Koman sit la mache?
Plonje nan mond fòmasyon nou yo e fè platfòm nan vin yon lwazi.
VIZITE EPI ENSKRI.
Vizite sit la epi enskri pou w ka gen aksè ak kou e dokiman nou yo.
KESYON REPONS.
Reponn kesyonè yo pou w ka pase kou yo.
FINI YON KOU.
Apre chak kou ou fini ou ap jwenn yon sètifika.
SAN FEN.
Apre chak fòmasyon ou fini ap toujou gen yon lòt kap vini.
0+
Kou anliy
0+
Manb
0+
Reyisit

KESYON AK REPONS
Repons ak kèk kesyon ki kapab entèrese w.
Ale sou bouton enskri kounye a pou w ka jwenn kote pou w ranpli fomile enskripsyon an.
wi. ou kapab swiv kou yo sou plizwè aparey. ou ap bezwen konekte sou platfom nan sou aparèy ou vle sevi pou swiv kou a.
Depi ou fin enskri sou platfom nan ou ap gen aksè ak tout kou yo epi dokiman yo a chak fwa ke w bezwen yo pou toutan.
Wi. Nan fen chak kou ap gen yon sètifika.
