Patènarya

Byen vini nan mond patènarya nou yo!

avèk yo, nou pataje konesans,

resous ak ide pou kreye plis 

opòtinite pou tout moun. Chak kolaborasyon  se yon etap

nan direksyon pou yon kominote

ki pi fò ak ini.

Expertise France se yon ajans piblik franse ki espesyalize nan kowoperasyon teknik epi li fè pati gwoup AFD a. Misyon li se akonpanye plis pase 140 peyi nan kreye pwojè pou ranfòse sèvis piblik yo (tankou lasante, sekirite, edikasyon ak anviwònman). Yo travay ak lajan Leta franse ak Inyon Ewopeyen an pou ede rive jwenn Objektif Devlopman Dirab yo (ODD).

PNLS se bra teknik Ministeè sante piblik (MSPP) ki responsab  kowòdone batay kont VIH, sida ak enfeksyon transmisib seksyèl (IST) an Ayiti. Travay yo se mete estrateji sou pye pou prevansyon, fè depistaj, epi garanti moun k ap viv ak VIH jwenn tretman antiretwoviral (TAR) yo bezwen.

PNLT (Pogram Nasyonal Lit kont Tibèkiloz) PNLS se branch nan Ministè Sante Piblik (MSPP) ki responsab pou depiste, bay tretman, epi anpeche maladi tibèkiloz gaye nan peyi a. Objektif yo se diminye kantite moun k ap mouri ak transmisyon maladi sa a, souvan avèk konkou patnè entènasyonal tankou Fon Mondyal.

AHF (AIDS Healthcare Foundation) se youn nan pi gwo òganizasyon entènasyonal k ap travay nan batay kont Sida a. Depi 2006, yo mete tèt yo ansanm ak Ministè Sante Piblik (MSPP) ak PNLS an Ayiti pou bay popilasyon an swen gratis, fè tès depistaj, epi bay medikaman (ARV). Misyon yo se pèmèt tout moun jwenn swen sante yo merite san gade sou mwayen lajan yo genyen.

World Vision se yon òganizasyon kretyen ki fèt depi 1950 pou ede timoun ak fanmi konbat povrete ak lenjistis nan prèske 100 peyi. Yo gen 44 000 anplwaye (pifò se moun ki rete nan zòn kote y ap travay la). Yo espesyalize nan defann dwa timoun, pwoteje anviwònman an, ak ede kominote yo devlope pou yo ka viv pi byen.

PNCM-FL se estrikti Leta ki responsab pou dirije estrateji nasyonal pou elimine malarya an ayiti. Li asire aplikasyon, swivi ak evalyasyon entèvansyon ki nan plan estratejik la. Nan tèt ansanm ak MSPP, lòt enstitisyon piblik ak patnè yo, li ankouraje yon apwòch miltisektoryèl pou elimine malarya yon fason dirab nan peyi  a.

FON MONDYAL la se yon patenarya entènasyonal ki angaje li nan batay kont VIH/sida, tibèkiloz ak malarya. Li mobilize gwo resous finansye pou konbat maladi sa yo, ranfose sistèm sante yo epi diminye inegalite nan plis pase 100 peyi.

Nan tèt ansanm ak gouvènman yo, kominote yo, sosyete sivil la ak sektè prive a, li mete an plas solisyon ki gen gwo enpak sou yon echèl laj. Depi 2002, aksyon li yo pè mèt sove plizyè milyon lavi, sa ki fè li se youn nan pi gwo aktè nan finasman sante mondyal nan peyi ki gen revni fèb oswa mwayen yo.

INHSAC se yon òganizasyon ki spesyalize li nan sante kominotè an ayiti. Li patisipe nan pwogram sante piblik, fòmasyon ak akonpayman kominotè yo pou amelyore aksè ak swen sante ansanm ak prevansyon sanitè. Enstitisyon an kolabore tou ak diferan patnè nan sektè medical ak sosyal la pou ranfose sevis sante yo nan plizyè rejyon nan peyi a.

Direksyon Administrasyon Penitansye (DAP) se enstitiayon ayisyen ki responsab administrasyon prizon yo ak jesyon prizonye yo depi 1997 sou tout teritwa nasyonal la. Li garanti sekirite etablisman penitansye yo, siveye prizonye yo epi ekzekite desizyon lajistis ki gen rapò ak prizon. Li veye tou pou gen lòd ak disiplin nan sant detansyon yo epi li patisipe nan reyentegrasyon sosyal moun ki nan prizon yo.

Desann pou w monte