patènarya
Nou swetew w byen vini nan mond patenarya nou yo!
avek yo, nou pataje konesans, resous ak ide pou kreye plis opòtinite pou tout moun.
Chak kolaborasyon se yon etap nan direksyon pou yon kominote ki pi fò ak ini.

Expertise France se yon ajans piblik franse ki espesyalize nan kowoperasyon teknik epi li fè pati gwoup AFD a. Misyon li se akonpanye plis pase 140 peyi nan kreye pwojè pou ranfòse sèvis piblik yo (tankou lasante, sekirite, edikasyon ak anviwònman). Yo travay ak lajan Leta franse ak Inyon Ewopeyen an pou ede rive jwenn Objektif Devlopman Dirab yo (ODD).

PNLS se bra teknik Ministè Sante Piblik (MSPP) ki responsab kowòdone batay kont VIH, Sida ak enfeksyon transmisib seksyèl (IST) an Ayiti. Travay yo se mete estrateji sou pye pou prevansyon, fè depistaj, epi garanti moun k ap viv ak VIH jwenn tretman antiretwoviral (TAR) yo bezwen.

World Vision se yon òganizasyon kretyen ki fèt depi 1950 pou ede timoun ak fanmi konbat povrete ak lenjistis nan prèske 100 peyi. Yo gen 44 000 anplwaye (pifò se moun ki rete nan zòn kote y ap travay la). Yo espesyalize nan defann dwa timoun, pwoteje anviwònman an, ak ede kominote yo devlope pou yo ka viv pi byen.

PNLT (Pogram Nasyonal Lit kont Tibèkiloz) PNLS se branch nan Ministè Sante Piblik (MSPP) ki responsab pou depiste, bay tretman, epi anpeche maladi tibèkiloz gaye nan peyi a. Objektif yo se diminye kantite moun k ap mouri ak transmisyon maladi sa a, souvan avèk konkou patnè entènasyonal tankou Fon Mondyal.

AHF (AIDS Healthcare Foundation) se pi gwo òganizasyon entènasyonal k ap travay nan batay kont Sida a. Depi 2006, y ap kolabore ak Ministè Sante Piblik (MSPP) ak PNLS an Ayiti pou bay popilasyon an swen gratis, fè tès depistaj, epi bay medikaman (ARV). Misyon yo se pèmèt tout moun jwenn swen sante yo merite san gade sou lajan yo genyen.
